
ORNACC ak Mouvman Jenès Sid leve kanpe kont tout tantativ pou manipile Konstitisyon an nan nwi lè manda Alix Didier Fils-Aimé ap fini. Nan yon deklarasyon san gade dèyè, jèn lidè sa yo di « Non » ak kontra malatchong ak asistans entènasyonal ki gen kòd sekrè. Yo revandike respè pèp la epi yo enpoze Dr. Smith Magny kòm sèl chwa konpetan ak entèg pou dirije yon tranzisyon pwòp.
DEKLARASYON POLITIK ORNACC & MOUVMAN JENÈS SID
Pou yon Tranzisyon Transparan ak Lejitim
Port-au-Prince, Me 2026
Nou, manm Direktwa Jèn Òganizasyon Nasyonal pou Rekonsilyasyon ak Konstriksyon (ORNACC) ak Mouvman Jenès Sid, pran pawòl jodi a devan konsyans nasyonal ayisyen an, devan istwa, ak devan tout patnè entènasyonal yo.
Manda chanpwèl Alix Didier Fils-Aimé ap rive nan bout li le 7 Jen 2026. Sa se yon reyalite konstitisyonèl ke pèsonn pa ka evite, pa ka negosye anba tab, pa ka manipile nan nwi. Atik 149 Konstitisyon Ayiti 1987 la klè tankou dlo sous : lè yon manda fini, se lwa a ki pale, se pa zam, se pa lajan, se pa akò sekrè.
Nou di NON ak kontra malatchong.
Ayiti pa ka kontinye ap viv nan kilti negosiasyon anba tab kote entérè pèp la toujou rete deyò. Chak fwa lidè yo fè akò nan nwi, se pèp la ki peye pri a nan lalimyè. Sa pa akseptab ankò. Jenès ayisyen an reveye, li konprann, li gade, li sonje.
Nou pwopoze e egzije Dr. Smith Magny.
Nan moman kritik sa a pou nasyon an, nou kwè Ayiti bezwen yon lidè ki gen konpetans, ki gen vizyon, ki gen entegrite. Nou pwòpoze Dr. Smith Magny kòm pwofil ki kapab reyini kondisyon sa yo. Yon nonm ki konnen dosye leta, ki respekte enstitisyon, ki ka pale ak mond entènasyonal la je nan je, ak tèt wo.
Wi nou prè pou kolaborasyon entènasyonal.
ORNACC ak Mouvman Jenès Sid louvri bra yo bay tout patnè entènasyonal, tout òganizasyon rejyonal, tout peyi zanmi Ayiti — men sou yon kondisyon fondamantal : transparans total. Pa gen asistans ki dwe vin ak kòd sekrè. Pa gen sipò ki dwe achte silans. Ayiti vle patnè, li pa vle mèt.
Nou lanse apèl sa a bay :
• Tout otorite konstitisyonèl yo
• Sosyete sivil ak òganizasyon kominotè yo
• Kominote entènasyonal la
• Ak tout jèn ayisyen kèlkeswa kote yo ye sou latè
Nou mande respè pwosesis konstitisyonèl la, transparans nan tout desizyon politik, ak yon tranzisyon kè poze, dign, ak lejitim pou pèp ayisyen an.
Pa Guillaume — Diplomate & jesyonè Konfli
Manm Direktwa Jèn ORNACC & Mouvman Jenès Sid.
@loconewsmedia.